Mwen fè lalo “pi lejè” nan event yo lè m kite epis la fè tout travay la, epi mwen mete ji sitwon/sour orange nan fen an pou leve gou a san bouyon. Olye vyann gra, kodenn fimen bon, men pafwa mwen mete yon ti moso pwason fimen sèlman pou sant la, pa bezwen anpil. Ti trik la se fè zonyon, lay, tim, piman ak zèb yo pran chalè nan yon ti kiyè lwil anvan, li bay gou tankou gen plis grès menm si pa gen. Si w ap koupe sèl, eseye plis okra plis dyondyon, li fè sòs la vin byen epè epi ou santi w plen. Ah, epi pa bliye degrese bouyon an si gen grès ki monte anwo a.