Mwen nan Seaford DE, m se pwofesè, epi m ap chèche kèk chante dyaspora ayisyèn ki bon pou itilize nan klas pou aktivite learning. Nou gen elèv ki soti diferan background, mwen ta renmen mizik ki gen bon pawòl pou diskite sou idantite, migrasyon, ak lang (Kreyòl, English, maybe ti French). Eske gen rekòmandasyon tankou artists oswa tit chante ki pa twò explicit, ki gen vèsyon lyrics fasil jwenn? Si nou gen lide pou ti lesson plan tou, sa ta ede anpil, mèsi!